Publiye 10/17/2021
Miami Heat Tyler Herro briye nan pre-sezon NBA 2022. Nan jwèt Atlanta Hawks, li te soti sou kom meyé maké avék 26 pwen pou yon viktwa Miami.
Tyler Herro te kòmanse avan sezon an byen pou Miami Heat, li jwe 3 bèl jwèt avan-sezon. Nan 3 premye-jwét li make an mwayèn 20 pwen. Vrèman anpil fanatik Miami kontan wè Tyler Herro retounen. Pandan sezon an 2021 li pa te fè twòp bagay ke fanatik yo te wè pandan faz eliminatwa 2020 an. Pandan sezon sa a, tout fanatik te kontan epi tap tan plis de Tyler Herro. Nan 2021, péformans li te ralanti sitou pandan faz eliminatwa à. Miami Heat te elimine nan premye tou an fas Milwaukee Bucks.
Responsab Miami Heat yo fè kèk chanjman anvan sezon 2022 à kòmanse. Yo achete kyle lowry ki tap jwe nan ekip Toronto Roptors à pou Goran Dragic ak Achiuwa. Byento, Lowry siyen yon kontra pou 90 milyon dola pou 3 zan. Yo modifye kontra Jimmy Butler pou plis ane, li siyen yon ekstansyon ki vo 184 milyon dola pou 4 ane adisyonél. Ampils, Duncan Robinson sinye yon kontra 95 milyon dola pou 5 ane,se youn nan pi gwo kontra sinye pa yon jwè G-league.
Tyler Herro dwe pwouve sa li ka fé si li vle jwenn gro kontra. Miami Heat ranmase opsyon senkyèm ane nan kontra rookie li. Li pral vin yon ajan gratis san restriksyon nan 2024. Li pral gen opsyon pou siyen ak nenpot ekip li vle.
Martine Moise Te Repon Kestyon Juj Orilien Nan Lanmort Mari'l Prezidan Jovenel Moise.
Daniel foote fé gro deklarasyon devan chamb dé Depite Ameriken sou sitiyasyon peyi Haiti.
Pandora Papers emplike laurent Lamothe kom moun ki sere lajan man bank denome paradi fiskal.
Donald Trump deklare Imigran haitian gen sida ke yap vin kontamine popilasyon American an.