Publiye 10/21/2021

Dolphins echèk ki moun nou ta dwe blame? ale nan semèn 6 Dolphins genyen 1 match epi pèdi 5 match.

Tout fanatik te ampil espwa pou sezon 2022 à apré ekip la te témine sezon 2021 avék 10 viktwa 7 defét. Yo te espere ekip la tap pat tro louwen pou jwe pou yon superbowl. Apré dé ane pase, Maimi dolphins pa jam ale nan faz eliminasyon NFL, fantik yo pou premiye fwa yo panse ekip la te ap ale nan bon direksyon. Ampil fanatik felisite manajmant ekip la pou reform yo fé pou chanje jan imaj ekip la epi repon kritik fanatik yo. Se pou tout rezon sa fanatik yo te kontan pou yon bon sezon 2022. Ebyen, sé le kontré, fanatik yo enkonsolab apré ekip la pédi 5 game sélman yon viktwa.

Ki moun ki responsab pou move péfornans ekip Miami Dolphins? Nap komanse avék general manager Chris grier ki korodine tout chanjeman ki dwe fé pou ameliore ekip la. Li komét twa eré ki mennen nou la jodia.

Premiye eré à se jan li chawzi jwé nan NFL Draft 2020-2021. Steven Ross chwazi Chris Grier pou manaje ki jan ekip la pral reknostwi. An 2020 tout moun te konnen ekip te bezwen yon Quarterback. Te gen de non ki te atire atansyon tout fanatik, Tua Tqgovailoa ki te college Fooball li pou Alabama epi ou te gen Justin Herbert ki te jwe fooball pou Universite Oregon. Miami dolphins chawzi Tua Tagovailo an 5em pami premiye group jwé nan NFL Draft 2020 apré li te gen istwa frakti seriye. Justin Herbet ki gen tout sa yon Quarterback bezwen pou devini yon bon jwe nan NFL, Maimi Dolphins Pat chwazi li. Ebyen misye ape byen jwe jodi à, tout moun panse li gen ampil chanse pou li vini yon etwal nan NFL la.

2em eré manajé Miami Dolphins nan fé nan Draft 2021 an, yo pa chawzi jwé pou proteje Q-B Tau Tagovialoa. Apré yo fini chwazi li konnen tout istwa frakti li genyen yo neglije proteje'l. kom rekonpanse li frape nan 2em game kont Buffalo Bills ki koz li pédi 2 game. Lé li retounen anfas Jacksonville Jaguars yo pedi 20 à 23. Defét sa dwe atrire atansyon, Jaguars se yon ekip ki pedi 20 game depi an 2020. Yo rive kampe istwa defét sa nan jwét kont Maimi Dolphins. Tua te jwe yon bel match kont Jagurs. Ki sa ki koz Dolphins pedi, ap mennen nou nan 3em eré Miami Dolphins fe nan chawzi jwé.

An 2020 Miami Dolphins sinye ampil Jwé pou 2 ane ki pémét ekip la manaje jan rekonstrisyon fét byen e rapid. Apé 2 sezon ekip la jwe pa tro mal, yo deside pa retounen ak jwé sa yo. Ki sa yo fé, yo ramplase nan yo draft 2021 an. Se sa ki koz yo pa byen adrese prooblem ekip la ki sete proteksyon pou Quarterback la avék yon Running Back pou ede retire presyon sou Quarterback la. Ebyen se rewon sa yo ki mete nou la jodia.