Stephen A, Smith nan ESPN. ale apre Kyrie Irving paske li boykote sezon NBA pou COV-19 protokol.
Kyrie Irving deside bòykote sezon 2021 paske lig la egzije'l pou'l vaksine. li se yon jwè enpòtan pou Brooklyn Net ki gen aspirasyon pou ramporte championa. Ane pase ekip la elimine nan semi final devan ekip Milwaukee Bucks la. Kevin Durant te jwe seri a san James Harding ni Kyrie Irving. sezon 2022 à, Boocklyn Net pral jwe sezon an ak de supèrstar li yo. Ekip la pral san starting point guard kyrie Irving. Apre plizyè semèn silans, fanatik la finalman te resevwa move nouvèl la.
Stephen A, Smith. yon New York Knick fanatik enkondisyonel trouve'l nan yon sitiyasyon difisil. Li reyaji sou sitiyasyon youn nan de ekip New York yo touve yo jodi à. Li rele kyrie Irving "embesil paske l'ap pèdi 15 milyon dola paske li bòykote sezon 2021 NBA".
Koulye a, nou te wè sa ki te pase sezon ekoule à, Kevin Durant pa't kapab pote ekip la nan final 2021. Avèk james Harding an sante, Èske Brooklyn Net ap avanse nan final 2022?
Rimè Kyrie Irving pou Ben Simmons
Genyen yon posipilite ki kapab ameliore Brooklyn Net epi Philadelphia 76ers epi pote lajwa nan ké tout fanatik. Se pa sel kyrie Irving kap fé pale de li, Ben Simmons nan aktualite à tout. Te gen gro bouch louvri antre Ben simmons ak responsab ekip Philadelphia à. Bag la te telman grave misye pat antrene avék ekip la. Yon echanj kyrie Irving pou Ben simmons te kapab satisfé tout moun.