3 Pwen Tire Miami Heat La Pral Antere Ekip Boston Celtics La Le 4 Novembre.

Yon ekip Miami kap byen jwe, yo genyen 5 match nan dénye 6 match yo jwe. Miami Heat se ekip ki make plis pwen epi ekip ki jwe pirapid nan NBA. Jimmy Butler mennen ekip la averaj 25.3 pwen pou sezon an. Li te resevwa pri pou meyé jwé pou semén an. Epi yon Tyler Herro ki ranmase forme li te moutre lé li te rookie. Li averaj 22 pwen pou yon jwé resév, Jwét la parét pi fasil pou li ane à. Kyle Lowry fé ekip Miami an vini jwe pi vit epi defans lan vini pi bon. Bam Adebayo dominate opozan ekip yo amba panye à. Miami se meyé ekip ki pran plis rebound. Dezyém unite ekip la ki mennen pa Tyler Herro men nou pa ka bliye enéji Max Strus pote lé li sou teren an.

Boston Celtics la ki an difikilte nan moman pral anfas yon ekip Miami ki pa bay chans akvék yon 3 pwen ke yo tire li tankou lapli. Ekip Boston an pedi 5 match yo selman genyen 2 match. Jaylen Brown averaj 26.7 pwen epi Jayson Tatum averaj 25.7 pwen, andepi tout efor sa ekip la genyen move record. Sa ki pral detémine jwét 4 novembre se ki jan Boston pral repone long boul Miami Heat la. Batay Miami Heat kont Boston Celtics date lontan se pou rezon sa nou panse premiye match nan seri à pral etabli diresyon konferans east prale.