Miami Heat bat Brookyn net lakay li 106-93. james Harding ta make sélman 14 pwen.English
Yon match tout fanatik tap tann, Miami te lakay Brooklyn Net nan premiye rankont yo pou sezon 2022 an. Kevin Duran se te meyé maké nan jwét la swivi pa Bam Adebayo. James Harding pa jwe yon bé jwét kote li te make sélman 14 pwen. Bam Adebayo te mennen ekip miami à viktwa sa, li te make 24 pwen, li te ramase 9 rebound. Jimmy Butler te kontribye 17 pwen li te ramase 14 rebound. Kyle Lowry ki te rete tré timid nan jwét te fini avék 9 pwent, 9 rebound. Tyler Herro te kontribye 14 pwen 8 rebound. Gro supriz nan jwét la se Dewayne Dedmon ki parét yon bon adisyon pou Miami Heat.
Dewayne Dedmon te jwe college basketball for Antelope Valley College. An 2013 li pate rive seleksyone nan draft la. li te oblije ale jwe nan G-league pou ekip Santa Cruz Warriors. An 2014 li te jwe pou 76ers, an swit li te jwe pou ekip Orlando Magic. Nan jwét kont brookyn net li moutre chwa Miami pou renouvle kontra li se te yon bon chwa.Yon bon resév ki komble yon vid apré Miami heat pat retounen ak Kelly Olynx. Yon problem ki te evidan nan faz eliminasyon 2021 an. Ekip la pat gen yon chwa lé Bam Adebayo te fwape nan seri kon Los Angeles Lakers. Kote yo tap pwal elimine nan final kont Los angeles Lakers.